Wilhem mouri apre l soti nan yon bank
Wilhem mouri paske l soti pran lajan nan yon bank
Wilhem mouri paske tout moun blije sere lajan nan bank
Wilhem mouri paske moun ki sasinen l konnen li sot pran lajan nan bank
Wilhem mouri paske gen moun ki konnen li sot pran lajan nan bank
Wilhem mouri plizyè, chak moun di li mouri asasinen men yo pa vle di li te sot pran lajan nan bank
Tout moun ap mache nan koulwa lanmò depi w sot pran lajan nan bank
Media ki pa vle site nan nouvel non bank
Mete tèt yo nan konplisite ak bank
Ayisyen ki mete lajan nan bank riske pran lanmò lè yap tounen soti nan bank
Etranje ki de pasaj mouri sasinen apre yo soti nan bank
Sispann kriye ipokrit ki ap kontinye fèt san mank
Se bank yo ki ap lage n nan plis bank.
Par Norluck Dorange