Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Conseils de lecture et critiques de livres

Yon kokenn chenn kout lanbi nan zafè lang ak amenajman lang ann ayiti !

Pledoye kreyol page couverture touthaiti

Vèsyion bileng kreyòl franse « Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti » deja sòti nan enprimri, kidonk l ap nan tout libreri ann Ayiti anvan lontan ! Se Kominikasyon Plis ki responsab distribisyon an toupatou nan peyi dAyiti. Nan diaspora a, se Éditions du Cidihca k ap distribye « Pledwaye » a. (ISBN : 978-2-89454-443-3; 45 paj)

« Pledwaye » sila a pase l ranmase yon pakèt gwo kesyon nan domen ledikasyon, nan domen lang pou fè lekòl, nan domen amenajman kreyòl ak franse anba limyè « dwa lenguistik » ak « dwa pou sèvi ak yon lang ». Panse zafè lang nan peyi a dwe makonnen ak « dwa lenguistik », ak « dwa pou sèvi ak yon lang » : dwa sila yo se baz fondasyon amenajman lenguistik Leta ayisyen dwe plante toupatou nan peyi a. Vizyon sa a se mak fabrik « Pledwaye » a.

Robert Berrouët-Oriol

Lenguis-tèminològ

Monreyal 19 jin 2014

Au format papier, la version bilingue créole-français de notre « Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques en Haïti », revenu d'imprimerie, sera bientôt disponible en Haïti dans vos librairies habituelles et par les soins de Communications Plus ! Outre-mer, les Éditions du Cidihca assureront la diffusion de l'ouvrage. (ISBN : 978-2-89454-443-3; 50 pages)

Ce «Plaidoyer» circonscrit des questions majeures du domaine de l'éducation, des langues d'enseignement ainsi que de l'aménagement du créole et du français sous l'angle particulier des « droits linguistiques » et du « droit à la langue ». La singularité de ce « Plaidoyer » réside en grande partie dans la lecture qu'il propose de la problématique linguistique haïtienne en termes de « droits linguistiques » et du « droit à la langue » situés en amont du futur premier processus institutionnel d'aménagement des deux langues officielles d'Haïti.

Robert Berrouët-Oriol

Linguiste-terminologue

Montréal, le 19 juin 2014