Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Lejitim defans - Jean Bertrand Aristide

Tire de son texte: Pwezi filozofik pou dekolonizasyon mantal du Dr Jean-Bertrand Aristide

Lejitim defans

Sim pat yon ti bebe ki fenk fèt,

Ala pale m ta pale ak kolon blan

Poum di l tou sa ki nan kèm !


Sim pat yon ti bebe ki fenk fét,

M ta kòmanse pale depi maten

Rive aswè na zorèy kolon blan


Sim pat yon ti bebe ki fenk fèt,

M ta pale pi klè, pi fò, pi plis

Pou di kolon blan, ou fin deraye !


Ou manje papa m san kraze.

Ou manje manman m san  sèl.

Ou sòti pou manje m san kwit


Rete ! ki afè mezire ti manje

Nan ti godèt charite silvouplè

Pou l pa fin mouri grangou a ?


A ! monchè mesye kolon blan

Bèt ki bèt oblije manje trè byen

Pou lanmò pa mete l nan panyen


Farasi hamuwawezi,

Tembo mtawalishani ?

Si w pa ka ba yon chwal manje

Kijan pou w fè nourri elefan ?


A ! Monchè mesye kolon blan,

Si w pa ka kite m manje ak diyite,

Kijan pou m pa fè lejitim defans ?

aristide-.reflexion
Dr Jean-Bertrand Aristide

A Lire aussi : Une réflexion d’Emilie Prophète sur le « Pwezi filozofik pou dekolonizasyon mantal »