Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

JO nan vil Lond preske fini

dieudonne-saincy

 

JO nan vil Lond preske fini

Plizye im nasyonal retanti
Gen moun ki sezi e lot ki ri
Yon sel fyete yon sel peyi
Kote Ayiti?

Lakay ap gade tele san vizyon
Yo li lapres pou gen plis pares
Ogey yo pap mete KO divizyon
Pwogram yo pa fet pou lajenes
Kote Ayiti?

Chak radyo ba yo rakonte listwa
Fe nou we konesans yo ak savwa
Pale pou we si w ka gen pouvwa
Bredjenn yo ak pep la gen memwa
Kote Ayiti?

Lajan Sal Ami fe nou pedi meday
Depi mil 8 san kat nap fe detay
Chak fwa se menm pan sou potay
Pagen ankadreman twop tripotay
Kote Ayiti?

Woule tout moun nan farin'n
Menm peyizan kap fouye min'n
Paspo yo make made in en fer
Depi lontan yo toujou don't care
Kote Ayiti?

JO nan vil Lond preske fini

Dieudonne Saincy

Lire aussi: