Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

DÉPLUMAGE ECONOMIQUE - gade sa Bank Santral (BRH) fè Majorie

majorie-sou moto touthaiti

 

BANDITISME ECONOMIQUE

 

Marjorie ale nan yon mezon transfè pou li resevwa $ 300.00 US ke fanmi li voye pou li poul ka ht yon Four a Gaz.

Mezon transfè.a deside pou peye e remet Marjorie Transfè $ 300.00 Us la  en Gourdes @ 110.00 ki egal 33,000.00 Gourdes.

Marjorie fin change e resevwa lajan an li deplase pou li al ht Four a Gaz la nan yon Magazen. le li rive li jwen.n prix Four.a fixé en Dola pou $ 300.00 Us lajan li te voye mandé.a . Men Marjorie ki pa gen Dola anko nan men.l pran nan 3 wa paske Bank Santral mande pou peye tout Transfè yo en Gourdes.

Marjorie ki we sa li mande Magazen an a ki Taux lap van.n Four.a en Gourdes yo di Marjorie swa li kale yo $300.00 Us ou li peye yo a 120.00 Gourdes pou $1.00 Us ki egal a 36,000.00 Gourdes.

Map Siyale nou ke Marjorie resevwa $ 300.00 US pou li ht Four.a le li change.l nan mezon Transfè.a li resevwa 33,000.00 Gdes men le li al ht Four.a nan magazen an fok li Bay 36,000.00 Gourdes ki bay yon Diferans de Déplumage an lagan de 3,000.00 Gdes pou selman $300.00 Us.

Imagine nou nan menm lajan sa Marjorie resevwa.a en Gourdes la li deja peye 500.00 Gdes pou Transport Moto , li peye yon Zanmi ki gen gwo bibit 1,000.00  Gdes pou Akonpaye.l pou Awousa pa leve.l sou wout.

Mwen swete nou konpran.n a klè mouvman DÉPLUMAGE ECONOMIQUE kap fet sou do Popilasyon ki nan Kategori ki pi feb yo.

Chak Bandit Economique nan Repiblik la gen Taux de Change yo pou DÉPLUMEN sak pi feb yo.


ANTOUKA


Patrick Alexis
Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

NDLR: Tout Haiti chwazi pibliye tèks sa san nou pa edite li.