Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Note de presse : Annulation de la grève générale au cap haïtien

aranzo-ap-vann-50gourdes

Pouvwa TetKale a soti pou kreye kondisyon pou fè represyon. Devan siksè manifestasyon 27 novanm nan ki te reyini plizye milye moun. pouvwa Tèt San kò an komanse arete militan, fè revokasyon ilegal nan bwat leta yo, olye yo chita pou pote solisyon nan revandikasyon manifestan yo.

Konsa devan aklamasyon modòd grèv ki lanse lendi 1e Oktob lan, pouvwa Matelly an planifye mete lajan deyò pou simen latroublay, kraze vit machinn, boule kawotchou pou bay opozisyon an pote responsabilite an nan yon fason pou dekredibilize mouvman lejitim pèp la, epi kontinye arete militan, fè represyon.

Nap mande komèsan, ouvriye, etidyan, elèv pou vakye a okipasyon yo lib e libè san problèm, grèv lan anile.

Popilasyon dwe rete veyatif sou modòd manifestasyon nou gen poun lanse. Si gen latroublay nan lari an lendi 1e oktob, pouvwa Mateli an ap pote tout responsabilite yo.

Kap Aysyen, Jou ki 28 Novanm :
1- Initiative Citoyenne
2- Asosiasyon Konsomate No
3- KOSPREN
4- OREN
5- REJA
6- ADENO
7- FENOP
8- FPN
9- BPN

POU Otantifikasyon : 1- Augustin Pierrot & 2- Geffrad Jean Gesner

Photo: Gerard Maximeau