Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Dizon òganizasyon pwogresis nan dyaspora a sou kriz ayiti a

 

renouveau-democratique-logobest

Nouyòk, 11-17-2018 --- Nou menm òganizasyon pwogresis kap feraye nan dyaspora, nou gen anpil tèt chaje devan degradasyon sitiyasyon sosyo politk peyi a kap anvlimen pwoblèm grangou,laviche , povrete, sante ak sekirite majorite moun nan peyi a ap konfwonte. Malgre aktyèl  pouvwa a mete ak sipòtè lokal ak entènasyonal li tanmen fè mannigans pou yo makiye echèk yo pou yo rezoud gwo pwoblèm peyi a; li klè malad la ap vin pi grav chak jou ki pase. Mete sou sa, mobilizasyon Petro Karibe a ki mete Ayisyen ak Ayisyèn toupatou sou latè kanpe pou yo dechouke koripsyon lakòz peyi a ap pike kriz.

Dyaspora Ayisyen an toujou potekole nan lit pou libere Ayiti kòm yon kawotchou derechany sitou lè maspinè sòti pou yo toufe vwa majorite a andedan peyi a anba kout bàl ak kout baton. Anplis, dyaspora a se yon anbasadè kap plede kòz libète pèp Ayisyen an nan tout lòt zorèy oswa nanchon ki alekout. Konsa, kout rèl jodia ranmase de (2) wòl sa yo djanm etan;

1-Nap denonse represyon pouvwa tèt kale a tanmen kont moun kap manifeste pou reklame kòb petro karibe a. Gwo chabrak pouvwa tèt kale (sòti nan prezidan, pase nan premye minis, tonbe nan minis, senatè ak depite elt ...) vòlò 3.8 milya dola vèt, lajan ki te ka regle anpil pwoblèm nan peyi a. Olye petrovòlò yo pran reskonsabilite pou zak malonèt sa a, yo pito tanmen tire kout bal ak kout baton. Daprè enfòmasyon divès òganizasyon dwa moun kap travay sou teren kolekte, sòti nan mobilizasyon 6-7 jiyè tonbe 17 oktòb rive jodia gen pou pi piti 55 moun ki mouri, anviwon 100 lòt blese , 76 machin boule, 84 antrepriz dechouke. Ajisman pouvwa tètkale a, kit se nan fè represyon, kit se nan trennen pye l pou l mete lajistis an mouvman kont petrovòlò yo, demontre Jovnèl ak akolit li yo pa gen senkòb volonte pou yo tande epi satisfè vwa mas pèp ayisyen ki sèmante fòk li jwenn Kòb Petro Karibe a. Sepousa, nou deklare pouvwa tètkale a echwe, li pa okenn legitimite pou l mennen bak peyi a ankò. Tank Jovnèl ak Ceyan rete sou pouvwa a, se tank ap gen briganday ak kraze brise nan peyi a! Tank Jovnèl ak Ceyan rete sou pouvwa a, se tank demokrasi ak lapè ap an danje nan peyi a! Tank Jovnèl ak Ceyan rete sou pouvwa a, se tank wout liberasyon pèp ayisyen an ap long! 2-Nou rele chalbari deyè sipò Kor Group la bay pouvwa kriminèl Jovnèl Moyiz la. Sa pa etone nou paske peyi piyajè yo (Meriken. Frans, Kanada, Inyon Ewopeyèn) toujou sipòte divès gouvèlman ki toufounen aspirasyon chanjman pèp Ayisyen. Nan yon demokrasi ki pa pote non l pou bèl twàl, pèp la se mèt kesyon an: volonte l, enterè l ak revandikasyon l dwe pase anpremye. Demokrasi a pike kriz nan peyi a paske se mizè, enpinite, enjistis ak koripsyon sèlman li donnen pou pèp Ayisyen. Anpil fwa pèp ayisyen an leve kanpe pou l fè chanjman nan peyi l, aloufa isit tankou lòt bò dlo reponn ak koudeta, okipasyon, fo eleksyon pou anpeche pèp la kaseren sistèm gwo vale piti ki anplas nan peyi a.  

Enterè fè lajan Kor group la lakòz li gade Ayiti ak yon linèt kwochi. Kote Kor group la wè yon polis profesyonèl, pèp ayisyen an wè yon machin lanmò kap chache benyen nan san volonte pèp ayisyen pou kaba koripsyon. Kote Kor group la wè dirijan legitim, pèp ayisyen wè yon kolonn kriminèl ki pran demokrasi a an otaj. Kote Kor group wè nesesite eleksyon magouy, pèp ayisyen wè nesesite pou aplike lalwa pou proteje demokrasi a. Pèp ayisyen se yon champyon batay libète. Kor group la paka tronpe l ak yon sistem pouri yo tonbe bay manm pou rete kanpe doubout. Sepousa, pèp ayisyen kanpe tennfas pou lalwa aplike kont petrovolò ak pou koripsyon kaba nan peyi a.  

2- Nap denonse ak pèp ayisyen an konplo politisyen tradisyonèl yo ap monte pou yo ride sistèm kap donnen koripsyon an, enjistis ak mizè a ranje kò l pi byen nan peyi a. Sa pèp ayisyen an ap mande jodia se pa ti pas kout ant ansyen ak nouvo bouro oswa ansyen ak nouvo volò. Sa pèp ayisyen ap mande se chanjman reyèl nan jan leta bati ak mache nan peyi a. Se bonjan refòm ki ka pèmèt li viv alèz nan lapè ak sekirite san li pa bezwen kite peyi l. Yon lòt fwa ankò, politisyen tilolit yo ap chache bay pèp la panzou nan rezoud kriz ki pete nan peyi a nan entèrè pa yo sèlman.  

Mobilizasyon Petro a pap tounen mach eskalye pou politisyen ale pran pouvwa epi vire do bay revandikasyon pèp la.. Nou wè pyès teyàt sa a plizyè fwa deja. Sepousa fwa sa, nou menm patriyòt ayisyen òganize nan diaspora nan tètkole ak pèp ayisyen an nou deklare: nou pa bay okenn polisyen kap ride sistèm nan ranje kòl pi byen manda pou yo pale oswa negosye nan non nou. Nou te leve kanpe menm jan ak Ayisyen andan peyi a, pesòn pa konsilte nou pou pran dizon nou sou kriz la. Tout solisyon kriz la dwe ranmase gany pèp ayisyen an fè nan batay li pou demokrasi ki garanti libète, altenans politik( 2 manda prezidantyel 5 kan oplis epi ki pa vini youn deyè lòt ) desantralizasyon , dwa ekonomik ak sosyal ki dwe tounen reyalite . Pèp Ayisyen an klè moun kap dirije l yo ( pouvwa oswa opozisyon) pa gen solisyon pou pwoblèm peyi a anwetan manti, kout bal ak kout baton. Sepousa, pèp Ayisyen dwe rete mobilize ak veyatif annatandan li transfòme leta a nan enterè majorite kap viv nan peyi a.  

Pou Kriz la rezoud nan enterè pèp Ayisyen, Nou menm patriyòt ayisyen nan Dyaspora kap soutni lit pèp Ayisyen an, nou propoze:

A. Nan sa ki gen arevwa ak CHANJMAN POLITIK:

1.Depa Jovnèl Moyiz ak Enri Ceyan nan tèt peyi

2.Retounen ak Konstitisyon 1987.

3.Aktive Mekanis tranzisyon ki chita andan Konstitisyon 1987

4.Ranvwaye palman epi konvoke Eleksyon lejislatif antisipe

5.Pran mezi ki nesese pou desantralize peyi a.

6.Depolitize polis nayonal la.

7.Kraze lame a ak tout fòs paramilitè ki kanpe pou fè represyon sou mas yo kap mande chanjman.

8.Kenbe espas demokratik yo ouvè pou garanti respè, dwa, libète ak patisipasyon pèp la nan zafè peyi l.

9.Konsilte aktè popilè yo peyizan ,fanm, ouvriye,etidyan, dyaspora a atravè òganizasyon yo sou direksyon peyi a ap pran.

B. Nan sa ki gen arevwa ak PETROJISTIS/ PETROREFÃ’M

10.Arete tout petrovolò ki gen non yo site nan rapò rapò Komisyon Sena a, jije yo epi sezi byen yo.

11.Kanpe sou desizyon pou pran yon dola ( $1.50) sou lajan transfè kap sòti nan dyaspora a

12.Refòme lakou siperyè dèkont poun ka kontwole pi byen kouman lajan leta ap depanse.

13.Mete lwa, nòm ak règleman pou kaba koripsyon nan peyi

14.Chanje lwa sou pasasyon mache piblik an Ayiti,  

15.Anpeche òganizasyon sektè prive ki kondane poutèt yap fè koripsyon fè biznis ak leta.

16.Mete kanpe yon Komisyon endepandan anti koripsyon (Anti Corrption Watchdog) kap gen poul founi je l gade gade jesyon otorite ak enstitisyon leta epi aplike nouvo mezi kap konbat koripsyon yo.

17.Arete epi Jije tout moun ki maspinen, estropye, touye manifestan ki tap mande kob petrocaribe a

C. Nan sa ki gen arevwa ak CHANJE LAVI:

18.Pran mezi prese prese pou konbat lavichè, grangou ak mizè tankou; desann pri pwodwi premyè nessesite ak pri materyo pou moun fè kay, pri zouti pou moun travay tè, pri angrè elt…

19.Pran mezi ki nesesè dwa ekonomik ak sosyal yo tounen reyalite.

20.Keye travay ni nan milye riral la ni nan vil yo pou mas peyizan ak popilè yo rale yon souf.

21.Ogmante salè mizè travayè ak travayèz yo 1000 goud pou pi piti.

22.Ogmante pwodiksyon nasyonal la, nan bay peyizan yo akonpayman teknik ak finansye yo bezwen pou yo pwodui manje

23.Pran mezi ki nesese pou anpeche goud la tounen zòrèy borik anfas dola a.

24.Evite monte pri gas , gasolin ak disèl

25.Pran Mezi pou lajan pa sèvi yon baryè pou moun ki andanje jween asistans bokote lopital nan peyi a (prive tankou piblik).

Tout solisyon ki kite deyè revandikasyon sa yo ap anvlimen kriz la pirèd. Nou menm nan dyaspora ansanm ak tout rès Pèp Ayisyen an ap kale nawè nou pou nou veye tout aganman, tout tizè pouvwa, tout san konsyans kap travay pou bay Mobilizasyon Petro a panzou.  

Men òganizasyon ki siyen tèks sa a :

1.Renouveau Demokratik (Nouyòk)

2.Regroupement des Haïtiens de Montréal contre l’Occupation d’Haïti (REHMONCO)

3.Vizyon Pwogresis (Florida)

4.Assembly of Concerned Citizens (ACC-Boston)

5.Kozeman Pou Chanjman

LES DERNIERES NOUVELLES