Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Vidéo : Cette Transition doit être la Dernière préconisent Jorchemy Jean Baptiste et Pascal Adrien

toutouni touthaiti

Tout Haiti présente la position des auteurs du livre Toutouni Jorchemy Jean Baptiste et Pascal Adrien sur l’inévitable transition qui va succéder à la gestion calamiteuse du pays par Jovenel Moise et le régime Tet Kale 2.0.

Dans cette prise de position très originale les deux jeunes leaders non seulement ont fait un bref diagnostique de la situation du pays mais ont présenté des pistes de solution sur la manière de conduire la Transition. Ils veulent une transition de rupture et fondatrice différente de celles qui ont jalonné notre histoire. Ils présentent cinq (5) points bien spécifiques dont la gestion de l’urgence, désarmement, la lutte contre la corruption, le procès PetroCaribe, Changement de la constitution pour l’intégration de la diaspora et surtout ils préconisent la mise en place d’un plan pour le développement économique du pays articulé autour de l’Objectif d’avoir 90% de la population active avec un emploi.

 

DÈNYE TRANZISYON

Jodia, tout kouch nan sosyete a konstate aklè ke peyi a nan yon kokennchenn enpas, yon kriz tout koulè ki bay anpil kè sote. Lalwa ak konstitisyon peyi a pase anba pye chak jou ki jou, modèl ekonomik ki chita sou achte revann nan rive nan bout li, majorite a pa kapab ankò. Kòripsyon, enpinite ak ensekirite ap taye banda, rèv pou dyaspora a retounen vin viv ak sèvi lakay ap disparèt chak jou pi plis, grangou ak lamizè fin demounize majorite popilasyon an.

90 toutouni toutouni

Se vre ke sitiyasyon malouk sa a mande nou fè pwosè omwen tranntwa (33) dènye lane yo, men li klè kou dlo kòk ke rejim PHTK a ranpòte lamayòl la nan fè nou monte yon mòn pa do. Jesyon Prezidan Jovenel MOISE la pandan de (2) lane ki sot pase yo se yon gwo dezas nan tout sans : kòripsyon (PetwoKaribe, Dermalog, elatriye), enpinite (Masak Lasalin, Kafoufèy elatriye), lavi chè ak chomaj vin kwaze bab pou bab ak yon veritab kriz konfyans ak lejitimite kote pèsonn nan sosyete a pa pran pawòl “nèg bannann nan” oserye. Okenn sektè pa fè Prezidan an konfyans. Kidonk, Prezidan an fè pati pwoblèm nan. Nan sans sa a, li enposib pou li pase mayèt la bay yon lòt Prezidan ki soti nan eleksyon. Se yon evidans! Pa gen deba sou sa! Se sa ki fè, jan nou te deja prevwa sa nan twazyèm pati liv “Toutouni” an, se nan yon Tranzisyon ke nou pwale, wè pa wè.

Pèsonn p ap janm dakò patisipe nan eleksyon ak Prezidan Jovenel MOISE. Kidonk, menm nan ipotèz ke Prezidan an t’ava fini manda li an, ap toujou gen yon tranzisyon ki pou konble vid enstitisyonèl ki pwal genyen an. E jodia, li klè ke prèske tout sektè dakò sou nesesite depa Prezidan an avan finisman manda li a. Sepoutètsa, nou panse ke pa dwe gen pèdi tan. Li klè ke Prezidan Repiblik la dwe demisyone prese prese.

Men, akote tout bagay, gen yon pwen fondamantal pou peyi a antann li sou li : “Fòk se dènye TRANZISYON ke peyi a konnen. Yon dènye TRANZISYON pou nou jete baz yon lòt sosyete, yon lòt Leta ki kwè nan enklizyon. Yon dènye TRANZISYON pou nou koupe fache ak sistèm apated ekonomik ak sosyal sa a ki lakoz pafwa majorite a oblije kraze brize pou fè tande rèl li. Yon dènye TRANZISYON kote nou pwofite antann nou sou yon PLAN DEVLOPMAN sou vennsenk (25) lane …”

Nan dinamik batay la, gen anpil estrikti ak pèsonalite enpòtan ki deja bay dizon yo sou kijan tranzisyon an ta dwe òganize : Opozisyon pliryèl la fè yon gwo jefò pou pwopoze yon “Altènativ Tèt Ansanm pou rebati AYITI”. Nou salye demach kole zepòl sa. Nou menm, nou pa gen pretansyon pote yon pwopozisyon anplis. Men nou estime li fondamental pou nou antann nou sou pwen sa: “Se dwe dènye TRANZISYON an.”

Nou menm, nan batay peyi ke n ap mennen an, nou genyen yon ansanm chantye nou panse ki enkontounab nan kad ‘’DENYE TRANZISYON AN.” Kidonk, kèlkeswa jan rapò de fòs politik la vin ye apre depa Prezidan an, chantye sa yo pa negosyab, soti nan ijans pou rive nan kesyon estriktirèl yo :

1-    Bon jesyon apwovizyònman teritwa a nan zafè pwodwi petwolye yo (dyezèl, gazolin, kewozèn elatriye), kreyasyon travay pou diminye grangou ak malsite nan peyi a, bon jesyon sekirite anndan peyi a nan bay Lapolis ankadreman ak nan mete kanpe yon vrè sèvis ransèyman.

2-    Pasifikasyon peyi a sou baz dyalòg, dezameman ak politik apèzman sosyal prese prese nan rejyon ki pi vilnerab yo.

3-    Lit kont kòripsyon : paralèlman a dosye PetwoKaribe ak Dèmalòg la, nan kad “DENYE TRANZISYON AN”, fòk limyè fèt sou eskandal kòripsyon nan Chanm Depite a ak nan Sena a, an patikilye nan dosye 152 milyon goud dlo ak kafe a epi lajan anba tab pou votre Premye minis, san nou pa bliye nesesite pou fè bonjan odit anndan òganis otonòm ak dekonsantre Leta ki antre anpil lajan yo.

4-    Refòm Konstitisyon an pou redefini rejim politik la, amonize dire manda tout eli yo, bay dyaspora a dwa pou li vote epi poze kandidati li, mete pwovizyon konkrè pou devlòpman ekonomik ak sosyal nan bonjan klima estabilite politik.

5-    Definisyon epi adòpsyon yon PLAN DEVLOPMAN SOYAL ak EKONOMIK sou vennsenkan (25) lane ki ap vini yo pou kwape apated ak esklizyon ekonomik ak sosyal la ki se mak fabrik sistèm ki la jodia. Pi gwo objektif la se bay 90% moun nan popilasyon aktiv la travay.

Boutofen, sitiyasyon peyi a malouk anpil anpil. Nou ka fèmen je nou pandan n ap jere ti enterè pèsonèl nou. Lè sa a, n ap al tonbe bab pou bab ak yon veritab gè sivil kote nou youn p ap epanye. Konsa tou, nou ka fè depasman tout patikilarite yo pou nou antann nou sou “DÈNYE TRANZISYON AN”. Nou menm, nou kwè ke TRANZISYON twa (3) lane sa pa dwe yon TRANZISYON anplis pou separe gato Leta a, fè vanjans politik elatriye, men se dwe dènye opòtinite pou pa janm gen nesesite TRANZISYON ankò nan peyi Dayiti gras ak estabilite politik epi devlòpman sosyal ak ekonomik konkrè.

Pòtoprens, 29 septanm 2019
Moun ki siyen :
Jorchemy JEAN BAPTISTE ak Pascal ADRIEN