Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Nòt Pou Laprès: IPAM ap òganize yon mach vandredi 19 jen pou ekzije degangsterzasyonn peyi a

Nòt Pou Laprès

Katye Moren, 15 Jen 2020 --- Chans fini kòken mete pye, devan tout zak koripsyon,  vòl, fo pwomès, move gouvènans  Pouvwa PHTK Banann nan a ki lage peyi an nan plis mizè e ki pa  gen okenn posiblite pou   kenbe pouvwa sou baz demokrasi, deside gansterize peyi an epi blayi ensekirite nan peyi an, espesyalman nan tout Katye popilè yo. Kit se nan Gran Ravinn, Matisan, Lasalinn, Pon Wouj, Vilaj de Dye, Savyen, Otwou ou byen Shada se  menm politik  vyolans lan  rejim Tèt Kale Banann nan ap rapousib ak konplisite Diplomat  Anbasad Meriken ak Misyon Nasyon Zini ak OEA. Pouvwa a pwofite de mizè yon bann malere pou mete zam nan men yo pou kenbe pouvwa. Lè li fin sèvi ak yo, li fè touye yo.

Nan sans sa, IPAM  pa etone konstate denye demonstrasyon   Lame Ajivit sou lòd Kòmandan an apre Pierrot Degaule ki kenbe an otaj epi rache polisye UDMO Joseph Larousse nan katye Shada nan vil Okap jou ki te Jedi 11 Juin 2020. Lè se pa militan lopozisyon Lame Ajivit bat ou byen touye , se medam ki pral travay nan PAK Karakol yo vyole, Ti machann kap pase, o swa lot moun yo volo bous ak telefon yo.

Pandan nap voye senpati nou ak fanmi, zanmi polisye Joseph Larousse, ak tout lot sitwayen konsekan nan shada ki pa gen anyen pou we ak gang, nap mande Polisye yo  pou rete pi pwofesyonèl,  epi sispann itilize fòs ki pa nesesè.  Nan sans sa , IPAM denonse konpòtman Pouvwa a Ki stigmatize moun nan shada epi kraze yon ban’n  kay san nesesite sou preteks yap konbat gang yo fè Delege Pierrot Degaule monte.

Prese Prese Lajistis dwe arete Pierrot Degaule ak tout lot konplis pou inosan sispann peye pou koupab.   

Nan sans sa, IPAM ap òganize yon mach vandredi 19 jen  pou ekzije degangsterzasyonn peyi an ak arestasyon tout zotobre nan leta  ki nan dansekole ak  gang , espesyalman Pierrot Degaule Delege Depatmantal  Nò pandan nap tou pwofite depoze plent nan pake Okap.  Mach sa ap soti      depi 10 ZèTapan devan Meri Okap pou bout devan Pakè Okap.

IPAM pou yon sosyete san fòs Kote
                                         
          ________                       ________
                    Hughe CELESTIN                                    Jean Baptiste BIEN AIME
                       Kòdonatè Nò                                             Kòdonatè Nòdès
                        3588-2187                                                      3702-8071