Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Daly Valet: Gabriel Fortune konfime li te konstate ak je l ke Sekrete Deta Guy Delva t ap distribye lajan pou gouvenman an

guyler-delva

Plis detay sou Okay: La polis te oblije kouri al cheche zanmi m Guy Delva nan yon stasyon Televizion Okay epi kouri avek li paske yon gwoup moun nan popilasyon akize Sekrete deta deske li ta va al separe lajan pou Gouvenman an. Gwoup moun sa yo ki te an koler te vle fe vyolans sou Guy Delva. Dapre temwen se gras a ansyen delege depatmantal gouvenman Martelly a, mesye Gabriel Fortune, gwoup la te kalme l. Sa te manke trajik pou ansyen jounalis la. Entevansyon an fos UDMO lapolis te ede anpil tou. 


Gabriel Fortune ki deklare li nan opozisyon kounye a kont prezidan Martelly konfime li te konstate ak je l ke Sekrete Deta Guy Delva t ap distribye lajan pou gouvenman an. Lajan an t ap distribye lavey yon mo dod grev jeneral ki lanse nan depatman Sid la pou journen jedi 13 septanm lan kont koripsyon, kont engratitid Martelly kont vil Okay ak kont move jesyon gouvenman ap fe. Ansyen Senate Fortune se youn nan oganizate grev la.

Dapre Direkte jeneral Televizyon Karamel nan Okay mekontantman anti-Martelly ap vale anpil teren. 

Apre gwo manifestasyon anti-Martelly jounen mekredi a nan Okap, prezidan Martelly ap fe fas a premye gwo mo dod grev li nan yon Okay ak nan res Sid la, yon depatman tout mioun te panse ki se yon bastyon prezidan an. Grev sa reprezante yon gwo tes politik pou gouvenman an, pou oganizate yo ak pou popilasyon Okay la. 
Denye enfomasyon yo fe konnen grev la respekte sou gran ri Okay kote pifo biznis yo femen. Sekrete deta Guy Delva demanti ke Gabriel Fortune te ede l. Dapre M. Delva okontre se M. Fortune ki tap manipile ti gwoup pwotestate ke yo li kalifye de « minorite zwit ». Li di tou se yon ti ponyen moun ki pwoch Chanm Komes Okay ki apiye grev la e ke anpil lot aktivite ap fonksyone nomalman Okay.

n ap sib !

Daly Valet