Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Sauveur Pierre Etienne griye OPL!

sauveurpierreetienneMwen tande Sauveur Pierre Etienne di, li gen yon doktora nan syans politik. Lòske n ap gade konpòtman politik doktè syans politik la, nou konstate li griye OPL nan kriz politik la. Menmsi, ta gen yon eleksyon demokratik nan peyi a, kounyeya, mwen gen anpil dout sou pèfòmans pati li a.

Si n ap fè listwa, OPL se te Òganizasyon Politik Lavalas li te rele. Gérard Pierre-Charles chanje non pati a, li vin rele li : Òganizasyon Pèp an Lit (OPL). Kidonk, baz elektora OPL la, se Lavalas li ye. Kilès moun lavasyen yo koute? Se Jean-Bertrand Aristide! Alòs, Sauveur Pierre Etienne chak kon li monte nan medya yo, se boulèt wouj li ap choute sou Aristide. Tandiske, tipèp la, touye li, rache li, se Aristide li vle! Èske doktè syans politik sa a byen nan tèt li?

Chak fwa, Sauveur Pierre Etienne ap pale nan Radyo, msye kontante li ap fè etalaj konesans entèlektyèl li. Rakonte tout kale istwa ki te pase. Antouka, si manm OPL yo pa òganize yon asanble jeneral prese-prese, avan eleksyon yo, pou flanke doktè syans politik sa deyò nan tèt pati a, OPL riske tonbe nan poubèl listwa pou jamè!

Yvener Millien, HAÏTI CHÉRIE

A Lire Aussi: