Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Dr. Claude Joseph ap di yon ti mo sou Petrocaribe, Petrochallengers ak Politisyen Tradisyonèl yo...

claude joseph Dr. Claude Joseph 

Malerezman mwen an dezakò ak anpil sitwayen sou kesyon mobilizasyon petrocaribe a. Lide ki fè kwè ke "politsyen tradisyonèl" yo akapare mobilizasyon petrochallengers yo se yon movèz lekti. Dabò si se pat sa nou rele politisyen tradisyonèl yo patap gen petrochallengers, ki donk patap gen #kotkobpetrocaribe-a. Se politisyen sa yo ki mete a disponibilite tout moun 2 gro rapò sou kesyon petrocaribe a. Se yo ki asiste anpil sitwayen pote plent kont dilapidatè lajan petrocaribe a. Se konsistans anpil nan politisyen sa yo nan batay pou mande kòt kob petrocaribe-a ki rive sou anpil jèn gason ak fanm sou rezo sosyal yo.

Donk nan kesyon mande lajan petrocaribe a, politisyen tradisyonèl yo pa woulibè. Batay petrocaribe a se yo ki lanse l. Anpil petrochallengers kwè ke politisyen tradisyonèl yo patap janm ka mete tout moun sa yo deyò 17 Oktob. Rezon an, dapre yo, se paske pat janm gen anpil moun sa yo sou beton an anvan 17 Oktòb. Bon antouka zouti syantifik nou dispoze pou nou mezire yon kesyon "contrefactuelle" konsa limite. Men sa nou ka di, ni 1986 ni 2004 pat fèt nan yon jou. 7 Fevriye 1986 se rezilta yon pakèt ti mouvman izole nan peyi a kou lòt bò dlo kont diktati Duvalier yo. Pou sila yo ki gen bon memwa, 2004 se aboutisman yon mouvman ki tap mande proteje otonomi inivèsite leta kont entèvansyon pouvwa egzekitif la. Ki donk se pa paske yon mouvman koumanse piti ki fè li pa ka vin n gro. Rome, dit-on, ne s'est pas faite en un jour. Mobilizasyon 17 Oktòb la menm jan ak sa 18 novanm lan se rezilta konsistans anpil nan politsyen tradisyonèl sa yo. Ki donk pandan li enpòtan poun felisite petrochallengers yo, inisyatè yo an patikilye, fòk nou pa krache sou kontribisyon siyifikatif politisyen tradisyonèl yo nan batay pou mande #kotkobpetrocaribea. 

Jodya sa ki pi enpòtan se pa veye politisyen tradisyonèl pou pa rekipere mouvman an, men pito veye dilapidatè lajan petrocaribe a ki gen gro fòs lajan nan men yo ki prè pou finanse e mouvman politisyen tradisyonèl yo e mouvman petrochallengers yo yon fason pou kreye kakofoni pou lajistis pa mete kòd nan ponyèt yo. 

Yon lòt bò, mwen dakò ke #kotkobpetrocaribea dwe sèvi yon bon preteks pou souke sistèm pezesouse sa a (Économie de rente). Li dwe soti sou rezo sosyal yo pou rive nan biro vòt yo. Li dwe ede sanksyone politisyen tradisyonèl ki se satelit politik boujwazi comprador la. Li dwe ede nou bay pouvwa ak moun ki ONÈT e ki KAPAB. 

Dr Claude Joseph

LES DERNIERES NOUVELLES